Jounal Kreyòl Premye Okazyon || 1𝟐 Jiyè 𝟐𝟎𝟐𝟒

Radio Television Caraibes
Radio Television Caraibes
51.8 هزار بار بازدید - 4 هفته پیش - 1.-Deja 2 semen depi aktivite
1.-Deja 2 semen depi aktivite yo paralize nan  pake ak tribinal premye enstans 18 jiridiksyon  peyi a akoz Grev kolektif  majistra debou dayiti yo .

COMADH ki regwoupe komise gouvenman ak sibstiti tout repiblik la,kanpe travay depi 17 jen pase a , yap reklame menm tretman ak   lot majistra  yo.  Plizye asosyasyon   tankou   ANAMAH,

APM, RENAMAH ak   AJUPHA  te apiye mouvman grev kolektif majistra debou yo epi mande nouvo minis jistis la ,met Carlos Hercule pou reponn ak revandikasyon majistra yo .

2.-Oganizasyon sitwayen pou yon nouvel ayiti (OCNH) eksprime enkyetid li parapo ak grev majistra debou yo ,kap rapouswiv ,nan 18 jiridiksyon tribunal yo nan peyi a.

OCNH ki rekonet byen fonde revandikasyon majistra yo, yon fason pou konbat inegalite nan zafe sale nan majistrati a ak pi bon kondisyon travay kwe mouvman grev majistra yo lanse nan yon konteks kote sistem jidisye a dwe mobilize pou pote repons fas ak yon seri vyolasyon grav dwa moun ,enpite ak batay kont detansyon prevantiv pwolonje a.

3.- minis jistis la mete sou kote nan sistem nan komise gouvenman jeremi an,Marie andre Pyram akoz dives plent minister a resevwa kont komise a ,nan kad egzesis fonksyon li .

Se sibstiti komise gouvenman Marie Gaetjens ALEXANDRE ki ranplase li pwovizwaman .

4.- Pou akselere jefo pou reprann  ekspotasyon mango fransik la nan peyi etazini ,anbasade Dennis Hankins rankontre nouvo minis agrikilti a,agwonom Vernet Joseph .

Okazyon pou anbasade ameriken an ak minis agrikilti a te diskite sou kwasans ekonomik ak devlopman agrikol la epi mwayen pou amonize objetif 2 peyi yo .

Ekspotasyon mango fransik ayisyen an ki entedi pou antre sou teritwa ameriken an depi mwa janvye 2023 reprezante  chak ane  ant 10 al 15 milyon dola ameriken pou ekonomi peyi a .

Ekspotasyon mango fransik ayisyen an  ozetazini te kanpe akoz enspekte depatman agrikilti ameriken yo pat kapab sikile nan peyi a pou al setifye mango yo kote  gang ak zam yo kontwole prensipal wout nasyonal yo depi plizye lane



Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES
Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4
Spo : Jacques Hans Vilfort (jako)
Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ
kowòdinasyon : Peterson LUXAMA
Redaksyon  : Dieuseul GUERRIER
Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène
4 هفته پیش در تاریخ 1403/04/22 منتشر شده است.
51,800 بـار بازدید شده
... بیشتر