Eskandal 100 milyon goud Bnc : Ulcc mande mete aksyon piblik an mouvman kont 3 manm CPT yo

Radio Télé scoop / chaine16
Radio Télé scoop / chaine16
859 بار بازدید - 7 روز پیش - Inite lit kont koripsyon (Ulcc)
Inite lit kont koripsyon (Ulcc) rann piblik rapò ankèt sou eskandal koripsyon ki enplike konseye-prezidan Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, Louis Gérald Gilles ak ansyen prezidan Bank nasyonal kredi a (Bnc), Raoul Pascal Pierre-Louis. Nan konklizyon rapò ankèt li a, Ulcc mande mete aksyon piblik an mouvman kont konsène yo pou abi fonksyon, koripsyon pasiv ak vèsman podeven elatriye. Yon lòt bò, Ulcc mande otorite Amerikèn yo pou yo voye tounen ann Ayiti Raoul Pascal Pierre-Louis an Ayiti, pou li vin reponn kesyon lajistis sou zak sa yo. Boutofen Direktè jeneral enstitisyon an, Jacques Hans Ludwig Joseph, mande tribinal yo priyorize rapò ankèt Ulcc yo.
7 روز پیش در تاریخ 1403/07/11 منتشر شده است.
859 بـار بازدید شده
... بیشتر